Pledwaye pou konstwui yon Panteyon pou Koperatè Ayisyen



Chapo ba pou yon gwo koperatè


Prinvil
Chak ane, Mesyedam labank yo an Ayiti, chwazi youn (1) ou de (2) nan mitan yo pou fè  rantre tou vivan nan panteyon finans an Ayiti. 

Yo te pran anpil tan pou rekonèt moun ki soti nan mas la ak nan klas mwayen nan ka kreye, jere ak devlope enstitisyion finansyè. Nan lane 2017, yo te dekouvri COOPECLAS, tankou Christoph Colomb te dekouvi Lamerik. Yo te onore l. Tradisyon an kontinye, 2018 se te tou CAPOSAC nan Kan Peren e ane sila se KPEGM Gwo Mon ki resevwa lonè ak distenksyon. 

Men yo poko ouvri pot panteyon yo a pou yon koperatè ki make istwa finans nan peyi a, finans solidè, finans sosyal. 

Moun ki gen konesans ak kapital fè bank, pou yo ka miltipliye kapital yo, sa ka bay yon fòm devlopman tou lè yo kreye travay ak richès. Moun ki sòti nan pèp la ak nan klas mwayèn nan san anpil konesans san lajan, yo rive kreye kès popilè ki se bank pèp la. 

Prenye Kès Popilè nan peyi a, te kreye sa gen 73 zan an Lavale. Sete peyizan, pwofesè lekol primè kite kale l pou yo te ka konbat kout ponya noun Lavale tap pran anba men zotobre Lavale, Benè ak Jakmèl. Kès popilè yo se youn nan pi ansyen enstitisyon finansyè ki tabli an Ayiti. BNC ak BRH (Nouvèl Vèsyon) gen sèlman 40 tan, Sogebank gen 34 tran, Inibank 26.

KOTELAM, tankou anpil lòt nan 4 kwen peyi, se ekzanp vivan sa pèp la ka fè nan domèn finans. Nan lane 1989, sa fè ane a 30 tan, yon jen gason ki pote non Frantz Prinvil te reyini ak kèk jen gason ak fanm (13 sosyetè) pou yo keye yon Kès nan zòn mache Salomon. Yo te reyini sèlman 239 goud. Nan Dat 30 avril 2019 KOTELAM gen 117 413 kont/folyo (gen manm ki gen 2 kont men yo pa majoritè) ak plis ke yon  goud (1,042,291,485.00). 
Prinvil ak Konpel Gary

San kapital pou demare, san konesans prenti, KOTELAM, tankou anpil lòt rive fè  mirak. Li lè, li tan poun kòmanse rekonèt ak onore gason ak fanm ki kontribiye nan devlope koperativ an Ayiti. Ann bati yon panteyon pou koperatè.èz sa yo. 

Nan Panteyon sila nap mete Tardieu ak tout konpè li yo : Doktè Bijou, Pè Lespinasse…. Koperatè Lavale yo : Laroche Grandville, frè Franck yo, Leon ak Obiès. Pè Henri Langlais ki te kontribiye nan kreyasyion CAPOSAC nan KanPeren nan lane 1949. Jean Bènadèl, Jean-Claude Amisal, Philippe Jules elatriye. Gary Marcelin e latriye.

Prinvil ak Madan Jacquet
Nan mitan zotobre koperatè sa yo, nap kanpe Frantz Prinvil. Li te dekouvri kesyon koperativ la nan ane 80 yo, lè sa a li te etidyan nan Jesyon nan INAGHI. Nan lane 1989 li pran inisaytiv kreye KOTELAM. Li patisipe nan kreye ou byen nan ranfòse anpil Koperativ tankou COOPECLAS, MAMEV… kòm amplwaye kad nan pwojè RMCH. Li te premye sekretè Jeneral ANACAPH, Direktè Jeneral CNC 2 fwa. 

28 Novanm 2014, KOTELAM te bali tit Gouvènè mouvman. 17 Fevriye 2017 «  consistoire mondial du protestantisme haïtien et l’Union des universités privées d'Haïti (UUPH), te bali tit Doktè «  honoris causa en coopérative et développement communautaire ». 

Prinvil distenge l nan itilize imaj pou fè diskou nan lang kreyol. Li se yon defansè kesyon sosyal nan koperativ. Li batay pou mouvman kenbe endepandans li. 

Koperatè Frantz Prinvil, pou tout sa ou fè pou mouvman koperativ la pandan 30 lane sila yo, nou retire chapo nou byen ba devan w. Ou gen plas ou nan Panteon Koperatè Ayisyen bò kote Philippe Jules, Edouard Tardieu, ak lòt yo. Chapo !

Nonais, 17 Jen 2019